Read the PDF version.
Read the English translation.
Konferans pou laprès
By: Mario JOSEPH, Av
Bureau des Avocats Internationaux
Nou menm, Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI), Mouvman Jèn Solidè pou yon lòt Sosyete (MJSS), MOLEGHAF, Viktim kolera yo ak lòt òganizasyon ki te lanse apèl mobilizasyon jeneral toupatou nan peyi a, salye patisipasyon masiv  pèp Ayisyen an  nan diferan jounen mobilizasyon nasyonal ki tanmen nan peyi a depi 07 fevriye 2019. Nou pwofite okazyon sa pou lanse yon pinga bay tout politisyen tradisyonèl ak boujwazi machann diri a, ki konprann yo ka pèvèti 3 revandikasyon fondamantal pèp Ayisyen an ki gen yon dimansyon konjonktirèl ak yon dimansyon estriktirèl:
Nan dimansyon konjonktirèl la, pèp Ayisyen an gen yon  revandikasyon politiko-jiridik ki egzije depa Jovenel Moise pou pwosè petro-karibe a ka fèt. Paske non Jovenel mansyone nan plizyè rapò enstitisyon leta a, tankou UCREF, Palman an ak Koudèkont, kòm youn nan moun ki dilapide plis pase 4 milya dola vèt fon petwo karibe a.
Nan dimansyon estriktirèl la, pèp la gen nan yon premye tan, yon Revandikasyon sosyo-ekonomik kote l ap denonse grangou, lavi chè, lamizè, degranngolad goud la, elatriye…Nan yon dezyèm tan, li koupe fache ak sistèm peze souse ki tabli nan peyi a depi 1806 la, kote li revandike  yon konferans nasyonal souverèn pou poze pwoblematik souvrènte peyi a ak sitiyasyon sosyo-ekonomik mas ekskli yo.
Nan sans sa, nou menm, Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI), Mouvman Jèn Solidè pou yon lòt Sosyete (MJSS), MOLEGHAF ak alye, mande aplikasyon konstitisyon 1987 la (fransè/kreyol) ki egzije chwa jij ki pi ansyen nan kou kasasyon an pou asire prezidans pwovizwa peyi a epi, jan sa te fèt nan lane 90 la,  mete an plas  yon konsèy leta 33 manb pou kontwole aksyon gouvènmantal yo nan yon  tranzisyon demokrakratik, souvrèn e popilè kap dire 2 ou  3 zan. Nan kad tranzisyon demokratik, souvrèn e popilè  sa, gouvènman an ap gen pou misyon òganize yon konferans nasyonal souvrèn pou tabli yon nouvo sistèm sosyal enklizif k ap ranmase revandikasyon pèp ayisyen an, tankou yon sèl lekòl gratis pou tout timoun, laswenyay pou tout moun, lojman sosyal pou tout moun, dlo potab pou tout moun elatriye…
N ap fini pou nou mande popilasyon an rete mobilize, rete nan lari a, rete  dèyè barikad yo, jouk Jovenel MOISE ak akolit li yo kite palè nasyonal pou kreye kondisyon pou pwosè petwo karibe a ka fèt, nan kad  tranzisyon demokrakratik, souvrèn e popilè k ap òganize konferans nasyonal souvrèn nan.